TRANSPARANS AK PWOTEKSYON DONE

Konfidansyalite ak vi prive w

Nan VidaSmart, nou respekte vi prive w. Nou vle ou aprann teknoloji ak entèlijans atifisyèl nan yon espas ki klè, responsab ak transparan.

Dènye mizajou: 2 novanm 2026.

1. Kilès nou ye?

VidaSmart se yon pwojè edikatif Jude Bazile kreye, avèk objektif pou rann teknoloji ak entèlijans atifisyèl pi aksesib pou kominote ki pale kreyòl ayisyen.

Sit la ofri leson, gid pratik, titoryèl ak zouti edikatif. Nou vle eksplike kijan sit la fonksyone ak ki enfòmasyon ki kapab trete pandan vizit ou.

2. Ki enfòmasyon nou mande?

Nan vèsyon aktyèl la, ou kapab li leson yo san ou pa bezwen kreye yon kont oswa bay non ou, adrès ou, nimewo telefòn ou oubyen modpas ou.

Sit la pa genyen sistèm enskripsyon, pèman oswa kòmantè piblik pou kounye a.

Sepandan, sèten done teknik, tankou adrès IP ak enfòmasyon sou navigatè ou, kapab trete pa sèvis ki pèmèt sit la fonksyone.

3. VidaBot ak konvèzasyon ou yo

Mòd lokal VidaBot

Nan mòd lokal la, VidaBot itilize yon endèks kontni piblik VidaSmart pou ede ou jwenn leson ak enfòmasyon ki gen rapò ak kesyon ou.

Rechèch sa yo fèt dirèkteman nan navigatè ou. Kesyon ou yo pa voye bay yon modèl entèlijans atifisyèl ekstèn nan mòd sa a.

Pou konsève kontèks konvèsasyon an pandan vizit ou, VidaBot itilize sessionStorage nan navigatè a.

Ou kapab efase konvèsasyon an nenpòt lè avèk bouton "Efase konvèsasyon an".

Mòd IA jeneratif

VidaSmart ap prepare yon mòd VidaBot ki kapab itilize yon sèvis IA ekstèn pou bay repons ki pi konvèzasyonèl.

Si mòd sa a vin disponib epi ou chwazi aktive li, kesyon ou ak enfòmasyon ki nesesè pou prepare repons lan kapab transmèt bay sèvis IA nou itilize a.

Nou pral idantifye sèvis sa a ak fason li trete done yo anvan nou mete fonksyon an disponib pou piblik la.

Enpòtan: Pa pataje modpas, enfòmasyon bankè, dokiman idantite oswa lòt done sansib nan konvèzasyon w ak VidaBot.

4. Kijan done yo konsève?

Konvèzasyon nan mòd lokal la rete nan espas sessionStorage navigatè ou, pandan sesyon navigasyon an.

Ou ka efase yo atravè VidaBot. Navigatè a kapab konsève sesyon an si li retabli yon onglet ki te ouvè.

Done teknik sèvis hosting yo ak done nenpòt sèvis IA ekstèn kapab swiv règleman konsèvasyon founisè respektif yo.

5. Cookie ak sèvis ekstèn

Daprè konfigirasyon aktyèl VidaSmart, nou pa enstale cookie piblisite ni zouti analiz vizitè sou sit la.

Pou montre kèk tipografi, navigatè ou kapab konekte ak Google Fonts. Sèvis sa a kapab resevwa enfòmasyon teknik tankou adrès IP ou.

VidaSmart kapab genyen lyen ki mennen w sou WhatsApp, Facebook, TikTok, YouTube ak lòt platfòm.

Lè ou chwazi ouvri yon lyen ekstèn oswa pataje yon atik, sèvis konsène a kapab trete done selon pwòp règleman konfidansyalite li.

6. Hosting ak sekirite

VidaSmart fèt pou pibliye sou Netlify, yon sèvis hosting pou sit entènèt.

Lè sit la pibliye, founisè hosting lan kapab trete demann HTTP, adrès IP ak lòt done teknik ki nesesè pou livrezon, fonksyònman ak sekirite sit la.

Nou chèche limite done nou mande epi itilize teknoloji ki adapte ak bezwen reyèl pwojè a.

7. Dwa ou ak fason pou kontakte nou

Si ou genyen kesyon sou fason VidaSmart itilize done pèsonèl, oswa ou vle fè yon demand konsènan vi prive w, ou kapab kontakte responsab pwojè a atravè paj prezantasyon nou an.

Kontakte ekip VidaSmart

8. Chanjman nan règleman sa a

VidaSmart ap kontinye devlope. Si nou ajoute kòmantè, kont itilizatè, zouti analiz, piblisite oswa nouvo sèvis IA, nou pral mete règleman sa a ajou pou eksplike chanjman yo.

Nou ankouraje ou konsilte paj sa a detanzantan pou konnen ki jan nou pwoteje vi prive vizitè yo.

← Retounen sou paj akèy la